
Madi ki te 12 janvye 2010, yon terib tranblemann tè te frape Ayiti.
Prese Prese ap mande tout avoka ki kapab e ki pale kreyòl, pou yo ta ofri sèvis yo gratis osnon a bon mache de fason pou ede Ayisyen k ap viv o Zetazini san residans pwofite de kondisyon "pwoteksyon tanporè" Sèvis Imigrasyon bay yo konnye a.
Donk pa ezite! Se yon bon lè pou pran yon desizyon. Yo bezwen nou an ijans et yo ta apresye koudmen an anpil.
Prese Prese deja konpile yon lis avoka ki gen eksperyans nan keksyon imigrasyon e ki pare pou ede nan tout pwoblèm legal.
An menm tan, n ap ankouraje tout avoka, elèv lekòl de dwa, ak tout lòt moun ki gen eksperyans nan pwoblèm legal pou yo pran kontak ak kèk oganizasyon "non profit" ki kapab indike yo lòt jan yo kapap ede.
Si ou ta renmen ofri sèvis ou osnon si ou ta renmen gen lis avoka ki deja pare pou ede, tan pri pran kontak avèk you nan adrès sa a: info@hojalawgroup.com
|